Vèsyon enprimant-zanmitay

Administrasyon Sekirite Avantaj Anplwaye yo nan Ministè travay la (Employee Benefits Security Administration, EBSA) administre plizyè lwa sou avantaj sante ki kouvri plan sante ki gen pou wè ak patwon yo. Lwa sa yo gen ladan yo:

  • Dwa debaz ou genyen pou w jwenn enfòmayson konsènan kijan plan sante w la fonksyone,
  • Kijan pou w kalifye epi fè reklamasyon pou avantaj
  • Dwa ou genyen pou kontinye avantaj sante w yo lè ou pèdi kouvèti asirans ou oswa ou chanje travay, epi
  • Pwoteksyon pou kondisyon medikal espesyal yo.

Pou plis enfòmasyon sou lwa ki pwoteje avantaj ou yo, vizite sit entènet EBSA oswa rele EBSA gratis nan 1-866-444-3272.

10 konsèy sa yo kapab ede w fè avantaj sante w yo travay pi byen pou ou.

1. Eksplore Opsyon Asirans Sante w yo

Gen plizyè kalite plan avantaj sante ki diferan. Chèche konnen kisa patwon ou ofri, epi aprè verifye plan ki genyen an (yo). Biwo resous imen patwon w lan, administratè plan sante w la, oswa inyon w lan kapab bay enfòmasyon pou ede w reponn ak bezwen ak preferans ou yo gras ak plan ki disponib yo. Oswa panse pran yon plan sante atravè Health Insurance Marketplace la. Ale sou HealthCare.gov pou wè opsyon plan sante ki disponib yo nan kote w rete an. Jwenn enfòmasyon sou tout opsyon ou genyen yo epi revize li. Lè w gen plis enfòmasyon, ou pran pi bon desizyon sou swen sante w.

2. Revize Avantaj Ki Disponib yo

Detèmine bezwen ak priyorite w yo. Èske plan yo ofri yo kouvri avantaj ki enpòtan pou ou yo, tankou sèvis sante mantal yo, swen byennèt bebe yo, swen vizyon oswa swen dan? Èske gen franchiz? Ki frè ou ap gen pou w peye ak lajan nan pòch ou? Konpare tout opsyon ou yo anvan ou deside ki kouvèti pouw chwazi. Reponn ak bezwen w yo ak pa manm fanmi w yo pral fè gen pi bon avantaj ki disponib. Pi bon mache pa toujou vle di pi bon. Objektif ou se jwenn avantaj sante ki gen bon jan kalite epi ki fasil pou jwenn.

3. Li Deskripsyon Rezime Plan (Summary Plan Description, SPD) pou Plan w lan pou Richès Enfòmasyon li mete disponib pou ou

SPD an dekri avantaj ou yo ak dwa legal ou genyen yo anba Lwa sou Sekirite Revni Retrèt Anplwaye an (Employee Retirement Income Security Act, ERISA), yon lwa Federal ki pwoteje avantaj sante nou yo. Li genyen ladan li tou enfòmasyon konsènan kouvèti asirans pou moun ki anba responsabilite lòt moun yo, ki sèvis ki egzije yon kotizasyon oswa yon kontribisyon, epi lè patwon ou kapab chanje oswa kanpe yon plan avantaj sante. Mete sou SPD ou an, Rezime Benefis ak Asirans yo (Summary of Benefits and Coverage, SBC) an se yon rezime tou kout, ki fasil pou konprann sou kisa yon plan kouvri epi sa li koute. Administratè plan sante w la dwe bay yon kopi toude dokiman yo ak dokiman enskripsyon w yo. Konsève SDP, SBC an ak tout lòt bwochi ak dokiman plan sante yo, ansanm ak memo oswa korespondans ki sòti bòkote patwon w ale jwenn avantaj sante yo.

4. Itilize Kouvèti Asirans Sante w la

Yon fwa kouvèti asirans sante w la kòmanse, itilize li pou ede nan kouvri frè medikal yo pou sèvis tankou ale kay doktè yo, ranpli preskripsyon, oswa jwenn swen ijans. Itilize avantaj ou yo pral ede w ou menm ak fanmi w rete ansante epi redui nan depans swen sante w yo. Lwa sou Swen Pou Tout Moun lan (Affordable Care Act, ACA) pwoteje moun ki enskri nan plan sante ki gen pou wè ak travay yo, epi li entèdi eksklizyon ki baze sou kondisyon ki egziste deja ak limit a vi sou avantaj sante esansyèl yo. Sa k pi bèl la, anpil plan kouvri kèk sèvis prevantif gratis, tankou vaksinasyon abityèl yo; vizit regilye pou byennèt bebe ak timoun yo; priz tansyon san, tès dyabèt ak kolestewòl; ak anpil depistaj pou kansè. Ou kapab deside mete pitit ou nan plan sante w la jous li rive nan laj 26 lane. Pwofite avantaj ou yo, espesyalman swen prevantif gratis si ou planifye mete l anba kouvèti an. Si ou peye yon patisipasyon nan depans pou sèvis prevansyon, verifye Eksplikasyon Avantaj ou yo epi fè si founisè an te faktire sèvis la kòmasdwa.

5. Konprann Kouvèti Asirans pou Sante Mantal ak Twoub Itilizasyon Dwòg Plan w lan

Plizyè plan sante ofri kouvèti asirans pou avantaj sante mantal ak twoub itilizasyon dwòg. Si yon plan ofri avantaj sa yo, egzijans finansye yo (tankou kotizasyon ak franchiz yo) ak limit kantite pou trètman yo (tankou limit vizit yo) pou avantaj sa yo pa kapab gen plis restriksyon pase sa ki aplike sou avantaj medikal/chiriji yo. Plan yo pa kapab enpoze limit a vi oswa anyèl sou kantite dola sèvis pou sante mantal ak twoub itilizasyon dwòg yo, ansanm ak trètman sante konpòtmantal la. Kèk plan kouvri sèvis prevantif yo tankou depistaj pou depresyon ak evalyasyon konpòtman timoun yo gratis. Verifye SPD ou ak SBC ou an pou konnen kisa plan w lan kouvri.

6. Chèche Pwogram pou Byennèt yo

Gen plis patwon ki ap etabli pwogram byennèt ki ankouraje anplwaye yo fè egzèsis, kite fimen, epi jeneralman vin mennen yon lavi ki pi sen. Lwa sou Responsabilite nan Dosye Asirans Sante an (Health Insurance Portability and Accountability Act, HIPAA) ak ACA an ankouraje plan sante gwoup yo ankadre pwogram pou byennèt yo men yo dwe entèdi diskriminasyon ki kapab genyen kont anplwaye ak moun ki anba responsabilite lòt moun yo sou baz yon faktè sante. Pwogram sa yo souvan bay rekonpans tankou ekonomi sou depans yo ak pwomosyon pou bon sante. Verifye SPD ou oswa SBC ou pou wè si plan ou an ofri yon oswa plizyè pwogram pou byennèt. Si plan ou an fè sa, chèche konnen ki rekonpans yo ofri epi kisa ou bezwen pou resevwa li.

7. Konnen Kijan pou w Depoze yon Apèl si yo Refize Reklamasyon Avantaj Sante ou an

Konprann pwosedi plan ou yo pou depoze yon reklamasyon pou avantaj ou yo epi pou aple dezisyon plan yo. Toujou siveye limit tan yo - fè si ou depoze reklamasyon ak apèl yo nan bon moman an epi fè si plan an pran desizyon yo atan. Konsève rejis yo ak kopi tout korespondans yo. Verifye pwogram avantaj sante w la ak SPD ou an pou w detèmine kiyès ki responsab pou jere pwoblèm reklamasyon avantaj yo. Kontakte EBSA pou jwenn asistans si plan an pa reponn ak plent ou an.

8. Evalye Kouvèti Asirans ou an pandan Estati Fanmi w ap Chanje

Ou kapab vin bezwen chanje kouvèti asirans sante w la aprè kèk evennman lavi w tankou maryaj, divòs, nesans oswa adopsyon yon timoun, lanmò yon konjwen, yon timoun ki ap depase laj maksimòm anba plan sante paran an. Ou menm, konjwen ou, ak pitit ou ki anba responsabilite w la kapab kalifye pou enskripsyon espesyal nan lòt kouvèti asirans sante patwon an ofri oswa atravè Health Insurance Marketplace la. Menm si pa ta gen evennman ki chanje lavi w, enfòmasyon patwon lan bay la ta dwe fè w konnen kijan ou kapab chanje avantaj oswa chanje plan. Si ou vle fè yon enskripsyon espesyal, fè sa rapid. Ou gen 30 jou aprè evennman lavi w la pou w fè demann pou enskripsyon espesyal anba lòt kouvèti patwon yo oswa 60 jou pou chwzi yon plan nan Marketplace la.

9. Toujou Sonje Chanje Travay ak Lòt Evennman nan kad Travay yo Gen Enpak sou Kouvèti Asirans Sante ou an

Si ou chanje patwon oswa ou pèdi travay ou, ou kapab bezwen jwenn yon lòt kouvèti asirans sante. Si ou genyen yon nouvo travay, ou dwe panse enskri nan plan nouvo patwon w lan. Kèlkeswa w ap kòmanse oswa w pèdi yon travay, ou kapab kalifye pou fè yon enskripsyon espesyal nan yon plan patwon an finanse pou konjwen ou oswa atravè Health Insurance Marketplace la. Dapre Lwa Rekonsilyasyon Bidjè Omnibus Konsolide an (Consolidated Omnibus Budget Reconciliation Act, COBRA) ou menm, konjwen ou ki asire, ak pitit ou ki anba responsabilite w la kapab kalifye pou kontinye benefisye kouvèti an anba plan ansyen patwon lan te finanse pou ou an. Kouvèti asirans sa tanporè (jeneralman 18 rive 36 mwa) epi ou kapab gen pou w peye tout prim lan ansanm ak yon 2 pou san frè administrasyon. Jwenn enfòmasyon sou opsyon kouvèti asirans ou yo epi konpare. Konnen dat limit pou desizyon sou kouvèti asirans ou an epi konnen kilè nouvo kouvèti w la ap antre an vigè.

10. Planifye pou Retrèt

Anvan ou pran retrèt, chèche konnen ki avantaj sante, si genyen, yo pral ofri w ou menm ak konjwen ou an. Konsilte biwo resous imen patwon w lan, inyon ou an, oswa administratè plan w lan. Verifye SPD ou ak lòt dokiman plan w yo. Fè si pa gen okenn enfòmasyon ki kontredi lòt nan mitan sous sa yo konsènan avantaj ou pral resevwa yo oswa sikonstans ki kapab fè yo chanje oswa anile yo. Lè w gen enfòmayson sa nan men w, ou kapab fè chwa ki enpòtan, tankou deside si w dwe enskri ann Medicare oswa achte kouvèti asirans Medigap la (si w kalifye). Si ou vle pran retrèt anvan ou kalifye pou Medicare epi patwon w lan pa ofri avantaj sante nan retrèt, panse sou kijan ou pral jwenn kouvèti asirans sante. Opsyon w yo kapab gen ladan yo enskri nan yon plan pwatwon w finanse pou konjwen w oswa nan yon plan Marketplace oswa kontinye anba kouvèti asirans patwon w lan tanporèman lè w chwazi COBRA. Planifye pou Retrèt gen ladan li planifye pou kouvèti asirans ou nan retrèt ou. Pou konnen plis, li Taking the Mystery Out of Retirement Planning (Gade nan pati dèyè an).

Lwa sa yo Kapab Ede

  • Lwa sou Sekirite Revni Retrèt Anplwaye an (Employee Retirement Income Security Act) – Ofri pwoteksyon pou moun ki enskri pou plan retrèt, sante ak lòt plan avantaj patwon nan sektè prive yo finanse, epi bay dwa pou jwenn enfòmasyon ak yon pwosesis reklamasyon ak apèl pou patisipan yo kapab jwenn avantaj gras ak plan yo.
  • Lwa sou Pwoteksyon Pasyan an ak Swen Pou Tout Moun yo (Patient Protection and Affordable Care Act) – Bay pwoteksyon pou kouvèti asirans sante ki baze sou travay yo, epi li pwolonje kouvèti pou timoun ki anba responsabilite yon lòt moun rive nan laj 26 lan, li entèdi eksklizyon ki baze sou kondisyon ki te egziste deja yo, epi li entèdi limit a vi ak anyèl sou avantaj sante esansyèl yo. Li kreye Health Insurance Marketplace la tou.
  • Lwa Rekonsilyasyon Bidjè Omnibus Konsolide an (Consolidated Omnibus Budget Reconciliation Act) – Bay kèk ansyen patwon, retrete, konjwen, ak timoun ki anba responsabilite granmoun yo dwa pou yo achte yon pwolongasyon tanporè pou plan kouvèti sante gwoup nan yon pri pou gwoup nan enstans espesifik yo.
  • Lwa sou Responsabilite nan Kad Asirans Sante (Health Insurance Portability and Accountability Act) – Pèmèt anplwaye yo, konjwen yo ak pitit yo enskri nan kouvèti asirans sante patwon an ofri kèlkeswa peryòd enskripsyon an te ouvè oswa pa t ouvè si yo pèdi kouvèti yo an oswa nan ka gen yon marayj, yon nesans, adopsyon oswa yon plasman pou adopsyon. Li entèdi diskriminasyon nan kad kouvèti swen sante.
  • Lwa sou Dwa Fanm yo nan kad Sante ak Kansè (Women's Health and Cancer Rights Act) – Ofri pwoteksyon bay pasyan ki gen kansè nan tete ki chwazi fè rekonstriksyon tete nan koneksyon ak yon mastektomi.
  • Lwa sou Pwoteksyon Sante Tibebe ak Manman yo (Newborns' and Mothers' Health Protection Act) – Bay kouvèti minimòm pou sejou nan lopital yo apre akouchman.
  • Lwa sou Non Diskriminasyon nan kad Enfòmasyon Jenetik (Genetic Information Nondiscrimination Act) – Entèdi diskriminasyon nan prim plan sante an gwoup ki baze sou enfòmasyon jenetik. Epi tou, li jeneralman entèdi plan sante an gwoup yo fè demann enfòmasyon jenetik oswa fè demann tès jenetik.
  • Lwa sou Parite Sante Mantal ak Ekilib Adiksyon ak Lwa Parite Sante Mantal la (Mental Health Parity and Addiction Equity Act and Mental Health Parity Act) – Li egzije parite nan egzijans finansye yo aj limit trètman pou sante mantal yo ak avanta itilizasyon dwòg yo ansanm ak sa ki la pou avantaj medikal ak chiriji yo.
  • Lwa sou Gerizon 21yèm Syèk la (The 21st Century Cures Act) – Fè pwomosyon pou pi byen konprann epi pi byen konfòme ak Lwa sou Parite Sante Mantal ak Ekilib Adiksyon an, ansanm ak yon amelyorasyon nan asistans kominikasyon ak konfòmite an. Lwa Gerizon an fè konnen byen klè avantaj pou twoub manje yo antre anba kouvèti MHPAEA an.
  • Lwa sou Re-otorizasyon Pwogram Asirans Sante Timoun yo (Children's Health Insurance Program Reauthorization Act) – Otorize yon enskripsyon nan yon plan sante an gwoup si yon anplwaye oswa moun ki anba responsabilite yon lòt moun pèdi yon kouvèti asirans nan CHIP oswa Medicaid oswa si yo kalifye pou asistans nan prim yo anba pwogram sa yo.
  • Lwa San Sipriz la (No Surprises Act) – Fè restriksyon sou depans depase ki sòti nan pòch ou (fakti sipriz yo) pou resepsyon swen andeyò rezo an nan kad sèvis ijans yo, sèvis ki pa ijan nan men founisè ki andeyò rezo an nan enstalasyon ki anndan rezo an ann kèk sikonstans, ak sèvis anbilans ayeryen yo.

Pou Konnen Plis...

Vizite sit entènet Administrasyon Sekirite Avantaj Anplwaye a pou wè piblikasyo EBSA ki pi ba yo:

  • An Employee's Guide to Health Benefits Under COBRA
  • Retirement and Health Care Coverage...Questions and Answers for Dislocated Workers
  • Can the Retiree Health Benefits Provided by Your Employer Be Cut?
  • Life Changes Require Health Choices...Know Your Benefit Options
  • Work Changes Require Health Choices...Protect Your Rights
  • Filing a Claim for Your Health Benefits
  • Your Genetic Information and Your Health Plan – Know the Protections Against Discrimination
  • Taking the Mystery Out of Retirement Planning

Pou kòmande kopi oswa fè demann asistans nan men yon konseye avantaj, kontakte EBSA pa mwayen elektwonik oswa rele gratis nan 1-866-444-3272.

Ou kapab ale sou sit entènèt Ministè Sante ak Sèvis Sosyal Ameriken (U.S. Department of Health and Human Services) a oswa rele nan 1-800-318-2596 pou aprann plis sou plan Marketplace yo, kisa yo kouvri, epi kijan pou aplike. Ou kapab jwenn enfòmasyon tou nan kontakte biwo komisyon asirans eta ou an.