Opòtinite ak revè se bagay moun jwenn anpil nan lavi a, sitou nan koze travay. Aprann kòman chanjman nan estati travayè ou kapab afekte asirans sante ou. Menmsi w ap panse sou kesyon chanje patwon, genyen yon nouvo travay, oswa ou pèdi yon travay oubyen ou pran retrèt ou, aprann jodi a kòman pou jwenn avantaj sante w ap bezwen demen yo.

Konnen dwa ou. Egzèse opsyon ou yo.

Premye Travay Ou

W ap kòmanse nan premye travay ou? Panse pou ou rantre nan plan enstitisyon ki anplwaye ou an. Gade kòman plan an fonksyone avèk ki kondisyon ou dwe ranpli pou kapab rantre ladann. Nouvo enstitisyon ki anplwaye ou an dwe ba ou yon avi sou opsyon asirans sante ou yo. Si enstitisyon ki anplwaye ou an pwopoze plis pase yon opsyon -- yon HMO, opsyon yon founisè ou pi pito, avèk yon plan sante ki gen pi gwo franchiz, pa ekzanp -- konpare yo chak ak bezwen epi preferans ou avan ou pran yon desizyon. Mande kopi 2 dokiman enpòtan – Deskripsyon Rezime Plan an (SPD) ak Rezime Benefis ak Asirans yo (SBC) - pou ou kapab jwenn detay sou avantaj sosyal ki asire yo, prim ak frè ou pral peye, avèk kiyès pou ou pale si ou genyen kesyon.

Yon lòt opsyon pou ou konsidere se enskri nan yon asirans sante ki disponib sou Health Insurance Marketplace® la (Marketplace la). Marketplace la ofri plan asirans sante ki bay pwoteksyon sante ki fasil pou konprann epi pèmèt ou konpare enfòmasyon sou pri ak avantaj sosyal yo. Mete nan tèt ou nan majorite plan asirans sante ki baze sou travay, enstitisyon ki anplwaye w a ap peye pi fò prim ou yo. Si ou chwazi yon plan ki disponib sou Marketplace la, jeneralman enstitisyon ki anplwaye ou an pa kontribiye nan peye prim ou yo.

Lè ou Pèdi Travay ou

E si sa ta rive asirans sante ou a ta kanpe paske ou pèdi travay ou, enstitisyon ki anplwaye ou a diminye kantite tan travay ou, oswa yo revoke w? Konnen dwa ou alavans kapab anpeche sitiyasyon sa yo kanpe asirans sante ou a.

  • Ou kapab elijib selon Lwa sou Responsabilite nan Kad Asirans Sante a (Health Insurance Portability and Accountability Act, HIPAA) pou enskri nan plan konjwen ou a san ou pa rete tann yon peryòd enskripsyon kòmanse. Si ou pran desizyon ale nan enskripsyon espesyal, ou ta dwe mande yon enskripsyon nan 30 jou oplita apre ou pèdi asirans ou an.
  • Ou menm, konjwen ou, ak timoun ki sou kont ou yo ta dwe elijib pou kontinye asirans sante a pou pi plis 18 mwa selon Lwa Rekonsilyasyon Bidjè Omnibus Konsolide a (Consolidated Omnibus Budget Reconciliation Act, COBRA). Ou ta dwe peye tout prim lan ansanm ak yon 2 pousan anplis kòm frè administrasyon.
  • Selon Lwa sou Sante Abòbdab la (Affordable Care Act, ACA), ou kapab achte asirans endividyèl pa mwayen Marketplace la. Pou kapab fè sa, ou dwe chwazi yon plan nan 60 jou oplita avan oswa apre ou pèdi asirans sante enstitisyon ki anplwaye ou tap peye an.
  • Kontakte gouvènman Eta ou ye a pou gade si ou menm ak moun ki sou kont ou yo elijib pou asirans sante piblik, tankou Medicaid oswa Pwogram Asirans Sante pou Timoun eta ou ye a.

Chèche enfòmasyon yo epi konpare opsyon yo avan ou deside ki asirans ou ap chwazi.

W ap Chèche yon Nouvo Travay?

Avan ou chanje travay, poze kesyon sou plan enstitisyon ou vle ale travay ladan l lan bay epi konpare li ak plan ou genyen deja a. Poze kesyon sou kisa nouvo plan an asire, konbyen prim lan ap ye, epi si ou ap kapab kontinye avèk menm doktè yo. Gade pou ou wè si nouvo plan an gen yon peryòd datant avan ou kapab enskri nan asirans lan -- jeneralman, li ka dire jiska 90 jou apati dat ou vin elijib pou plan an. COBRA kapab ba ou opòtinite pou achte asirans tanporè ansyen enstitisyon ki anplwaye ou an bay pandan w ap chèche yon nouvo travay oswa peryòd datant pou nouvo plan sante ou an.

Retrèt

Si ou ap panse ak retrèt, reflechi sou sa ou pral fè pou asirans sante. Pandan kèk enstitisyon ki anplwaye moun kontinye bay anplwaye yo genyen ki retrete avantaj sante, enstitisyon ki anplwaye moun nan sektè prive yo pa oblije fè sa. Revize SPD ou an ansanm ak nenpòt dokiman ki pale sou sa. Mande epi revize kopi nenpòt ki dokiman plan fomèl ki dekri ki jan plan ou a fonksyone, epi nenpòt lòt enfòmasyon sou politik enstitisyon ki anplwaye ou a konsènan avantaj swen sante pou moun ki retrete yo. Sonje, okenn lwa federal pa anpeche enstitisyon ki anplwaye ou a kanpe oswa diminye avantaj swen sante sof si yo te fè yon pwomès espesifik ki legalman aplikab pou kontinye yo.

Si ou vle retrete pi bonè, panse sou ou pral fè pou asirans sante avan ou vin elijib pou Medicare. Opsyon ou yo kapab se enskripsyon nan plan enstitisyon ki anplwaye konjwen ou a, yon plan ki disponib sou Marketplace la oswa kontinye pandan yon ti tan ak asirans enstitisyon ki anplwaye ou an pandan ou ap aktive COBRA. Chache konnen kisa opsyon ou yo ye avan ou pran retrèt ou paske yo pral depann de sikonstans endividyèl ou.

Yon ti Kout Je Sou

HIPAA. HIPAA pèmèt ou menm ak manm fanmi ou enskri spesyalman nan plan sante enstitisyon ki anplwaye w la oswa sa ki anplwaye konjwen ou lè ou pèdi asirans oswa fè fas avèk kèk evènman nan lavi ou tankou, maryaj, nesans, adopsyon, oswa plasman nan adopsyon. HIPAA pwoteje ou tou kont diskriminasyon nan asirans sante ki baze sou kèk kondisyon sante tankou kondisyon swen medikal ou te gen anvan, revandikasyon ki te konn abitye fèt, avèk enfòmasyon jenetik.

ACA. Pwoteksyon ki gen rapò ak plan sante ki baze sou travay yo genyen ladan yo:

  • Pwolonje asirans moun ki sou kont ou jiskaske yo rive laj 26 lane,
  • Entèdiksyon pou retire kondisyon ki te la deja yo,
  • Entèdiksyon sou limit pa ane ak pou lavi yo sou asirans pou avantaj sante esansyèl yo, epi
  • Mande pou plan sante an gwoup yo ak asirans yo pou yo bay yon rezime sou avantaj sosyal yo ak asirans yo ki fasil pou konprann.

ACA pèmèt ou tou pou ou enskri nan yon asirans sante ki disponib sou Marketplace la. Si ou enskri nan yon asirans sante ki disponib sou Marketplace la, ou ta dwe elijib pou yon kredi sou taks ki ap diminye prim chak mwa ou yo ansanm ak rediksyon depans ki pataje yo ki pral diminye lajan ki ap soti nan pòch ou pou franchiz yo, kotizasyon ak kopeman yo.

COBRA. Si ou asire nan plan sante enstitisyon ki anplwaye ou an epi ou rive pèdi travay ou, lè travay ou yo diminye, oswa yo revoke w epi plan sante enstitisyon ki anplwaye ou an kontinye ekziste, ou menm ak moun ki sou kont ou yo toujou kapab kalifye pou achte yon asirans nan menm tarif gwoup yo selon COBRA. Divòs, separasyon legal, pèt estati timoun ki sou kont ou yo, lanmò anplwaye ki asire a, oswa dwa pou antre nan Medicare kapab bay konjwen ou ak timoun ki sou kont ou toujou yo dwa pou yo chwazi COBRA. Plan ou an dwe jwenn rapò sou evenman sa yo. Plan sante an gwoup lan dwe ba ou yon avi alekri sou kalifikasyon w pou asirans COBRA an. Ou genyen 60 jou apati dat yo remèt avi a oswa apati dat asirans ou an fini an -- nenpòt sa ki ap fini pi ta a -- pou aktive COBRA. Jeneralman, COBRA asire plan sante an gwoup yo ki dirije pa yon enstitisyon ki anplwaye moun ki genyen 20 oswa plis anplwaye. Si enstitisyon ki anplwaye moun nan gen mwens pase 20 anplwaye, lwa Eta ou ye a kapab mande asirans ki bay plan an pou l kontinye bay kèk moun asirans.

Pou Plis Enfòmasyon

Administrasyon Sekirite Avantaj Anplwaye yo (Employee Benefits Security Administration, EBSA) nan Ministè Travay la jere plizyè lwa enpòtan sou avantaj sante ki ap gouvène plan sante enstitisyon ki anplwaye ou an bay – kijan sa fonksyone, kijan ou kalifye pou avantaj yo, dwa de baz ou genyen pou jwenn enfòmasyon, epi fason pou ou reklame avantaj ou yo. Mete sou sa, gen lwa espesifik ki pwoteje dwa ou genyen pou resevwa avantaj sante lè ou pèdi asirans ou oswa ou chanje travay.

Vizite EBSA pou kapab wè piblikasyon sa yo. Pou kòmande kopi oswa pou mande yon asistans nan men yon konseye nan avantaj sosyal, kontake EBSA oswa rele gratis nan 1-866-444-3272.

  • Yon Gid Anplwaye sou Avantaj Sante Dapre COBRA
  • 10 Pi Bon Fason Pou w Fè Avantaj Sante w yo Travay pou ou
  • Evènman Enpòtan nan Lavi ou Mande pou fè Chwa nan Sante... Konprann Chwa ou genyen yo konsènan Avantaj Sosyal yo
  • Can the Retiree Health Benefits Provided by Your Employer Be Cut?
  • Retirement and Health Care Coverage…Questions and Answers for Dislocated Workers
  • Taking the Mystery Out of Retirement Planning

Ou kapab ale tou sou Sit Entènèt Ministè Sante ak Sevis Sosyal Ameriken an oswa rele nan 1-800-318-2596 pou kapab jwenn plis done sou plan ki disponib sou Marketplace la. Oswa kontakte biwo komisyonè asirans Eta ou ye a.