Demann Tradiksyon enfòmasyon enpòtan

Pou enfòmasyon sou sèvis tradiksyon enfòmasyon enpòtan nou yo, tanpri ranpli fòmilè demann anliy nou an ki anba a, epi klike sou bouton “Soumèt” ki anba paj la oswa rele Sant Kontak Nasyonal Depatman Travay (Department of Labor National Contact Center, DOL-NCC) nan 1-866-4-USA-DOL (1-866-487-2365)*

Pa itilize fòmilè sa a pou soumèt demann bay Lalwa sou Libète pou Enfòmasyon (Freedom of Information Act, FOIA).  Pou demann FOIA, suiv enstriksyon FOIA (an anglè).

*Si w soud, ou gen pwoblèm pou w tande oswa ou gen difikilte pou w pale, tanpri fè nimewo 7-1-1 pou w jwenn aksè ak sèvis relè telekominikasyon yo. 

10 chif, Etazini sèlman, pa egzanp 999-999-9999
Ekri oswa kopye epi kole lyen sitwèb la anba a. Pa egzanp: https://dol.gov/agencies/

Yo otorize ranmasaj enfòmasyon sa a anba nimewo kontwòl 1225-0059 (ekspire 29 fevriye 2024).  Ann akò ak Lalwa sou Rediksyon Fòmalite Administrativ 1995 (Paperwork Reduction Act of 1995), yo pa mande okenn moun pou reponn ak ranmasaj enfòmasyon sof si ranmasaj sa a ta montre yon nimewo kontwòl OMB.  Yo estime chaj travay piblik pou ranmasaj enfòmasyon sa a jiska 3 minit/èdtan an mwayèn pou chak repons, ki gen ladann tan pou revize enstriskyon yo, chèche nan sous done ki te gentan la, ranmanse epi kenbe done yo bezwen yo, epi ranpli epi revize ranmasaj enfòmasyon an.  Obligasyon pou reponn ak ranmasaj enfòmasyon sa a volontè.  Voye kòmantè sou estimasyon chaj la oswa sou nenpòt lòt aspè sou ranmasaj enfòmasyon sa a, ki gen ladan l sijesyon sou redui chaj sa a, bay Depatman Travay Etazini (U.S. Department of Labor), Biwo Direktè Enfòmasyon (Office of the Chief Information Officer), bay:  Responsab Depatman Otorizasyon (Departmental Clearance Officer), 200 Constitution Avenue, N.W., Room N-1301, Washington, DC 20210 oswa voye Imel bay DOL_PRA_PUBLIC@dol.gov epi mete nimewo kontwòl OMB 1225-0059.